TechMastery ap chèche 4 pwofesyonèl ki gen rezilta reyèl, pa teyori, pou pote yon track nan pwogram ete a. Si w ap viv de konpetans ou epi w kapab eksplike l senp, sa a se pou ou.
3 pilye deja aktif : Challenge, Live Sunday, Fòmasyon peyan. Kominote WhatsApp ki angaje semèn apre semèn.
4 track ap louvri, chak youn ap dirije pa yon sèl fòmatè ki gen prèv reyèl nan domèn nan.
Fixe + revenue share, ou touche pou prezans ou, epi ou touche plis si track ou a pèfòme.
Konesans ou rive jwenn jenn ayisyen ki bezwen yon gid serye, pa yon teyori, yon moun ki deja viv sa.
Pozisyone tèt ou kòm referans nan domèn ou, ak non ou kole sou yon mak ki gen konfyans kominote a.
Fixe garanti pou tan w envesti a, plis yon pousantaj sou chak enskripsyon nan track pa w la.
Chak track gen yon sèl fòmatè. Nou pa mete 10 moun sou menm sijè a, nou chèche 4 moun ki solid.
Otomatizasyon, chatbot, prompt engineering aplike sou pwojè freelance.
Reels, TikTok, montaj ki fè kontni vann, pa jis kontni ki bèl.
Canva jiska premye kliyan reyèl. Aksesib depi yon telefòn.
Estrateji ak egzekisyon pou PME ak antreprenè lokal.
Kliyan reyèl, peman resevwa, pòtfolyo ak rezilta konkrè, pa senpleman "mwen konnen fè sa".
Ou kapab dekonstwi yon konsèp konplèks an kreyòl, san jagon, pou yon moun ki pa nan domèn nan.
Ou dispo tout mwa Jiyè Out, pa yon "wi mwen dispo" vag, yon angajman konkrè.
Ou kwè nan rezilta rapid, aksesib, ancré nan reyalite ayisyen, pa fòmasyon akademik long.
Ranpli fòmilè a ak lyen prèv revni ou.
Nou gade prèv ou, nou konfime dispo ak aliyman.
Yon apèl WhatsApp kout pou konfime vizyon ak kontni.
Track ou a antre nan pwogram ete a ak premye kohòt la.
Non. Sa ki konte se prèv revni ou nan domèn nan, ak kapasite pou eksplike l senp. Nou akonpaye w sou fòm ansèyman an.
Chak track fèt pou 2 a 3 semèn, fòma entansif ak livrab konkrè pou chak patisipan.
Yon fixe pou tan w envesti nan prepare ak anime track la, plis yon pousantaj sou chak enskripsyon nan track pa w la.
Non, yon fòmatè pou yon sèl track. Sa ap pèmèt nou fasilman evalye fòs reyèl ou sou sijè a.
Ranpli fòmilè a, pran 5 minit. Prepare lyen prèv revni ou anvan ou kòmanse.
Aplike kounye a